Depatman Sante Vijini — VA

Òganizasyon Panamerikèn Lasante (OPS) te anonse jodi a ke Etazini pèdi estati eliminasyon lawoujòl li a, yon gwo siksè nan domèn sante piblik nasyon nou an te rive jwenn pou premye fwa an 2000. Byenke anons sa a make yon bak ki bay kè sere sou plis pase de deseni pwogrè, reaparisyon lawoujòl la se deja yon reyalite pou kominote yo atravè Vijini.

Rive 16 novanm, Vijini rapòte 186 ka lawoujòl an 2026—sa ki plis pase 34 ane anvan yo mete ansanm epi ki se pi gwo total anyèl nan Eta a depi 1988. Apre yon epidemi pandan ete sa a, Vijini te wè plis ka lawoujòl toujou nan dènye semèn sa yo. Pèt estati eliminasyon nasyonal la konfime sa moun Vijini yo te deja ap viv: lawoujòl vin tounen yon menas k ap grandi ankò pou sante piblik.

Eliminasyon lawoujòl an 2000 te rezilta plizyè deseni kolaborasyon ant fanmi yo, founisè swen sante yo, pwofesyonèl sante piblik yo, lidè kominotè yo, ak moun ki fè politik yo.Gras ak vaksinasyon toupatou, edikasyon piblik, ak efò prevansyon maladi ki fèt san rete, Etazini te redwi anpil menas yon maladi ki te konn rann plizyè santèn milye Ameriken malad chak ane. Reyalizasyon sa a te montre sa ki posib lè kominote yo travay ansanm toutotou yon angajman yo pataje pou pwoteje lasante.

Komisyonè Sante Eta Vijini an, Doktè Cameron Webb, te pibliye deklarasyon sa a:

“Chak jenerasyon ta dwe fè efò pou kite pwochen an an pi bon sante epi pi byen pwoteje. Men, timoun k ap grandi jodi a ap fè fas ak yon pi gwo menas lawoujòl pase timoun ki te la sa gen yon jenerasyon. Sa se pa yon reyalite nou ta dwe dispoze aksepte. Nou konnen ki jan pou nou anpeche lawoujòl paske nou te deja fè sa anvan. Men, pou nou retabli pwoteksyon sa a, sa mande plis pase sèlman raple fanmi yo vaksen yo an sekirite epi yo efikas. Sa mande pou nou relanse konvèsasyon sou risk lawoujòl yo, pwoteksyon vaksinasyon an bay, ak responsablite nou pataje pou kenbe kominote nou yo an sante. Sa a se pa yon moman pou dekourajman oswa pou voye wòch. Se yon moman pou nou aji, epi mwen gen konfyans lè nou travay ansanm, nou kapab ranvèse tandans sa a.”Vijini rete yon Eta kote anpil moun pran vaksen, men nivo kouvèti vaksen an varye selon lokalite ak kominote yo. Diferans sa yo fè kèk popilasyon pi vilnerab devan epidemi pase lòt. Piske lawoujòl se yon maladi ki trape fasil anpil, viris la ka simaye rapidman lè li antre nan kominote ki pa gen ase moun ki pran vaksen. Mwayèn vaksinasyon pou tout Eta a sèlman pa bay tout verite sou ki kote sitwayen Vijini yo rete an danje.

Lawoujòl ka lakòz maladi grav, tankou nemoni, anflamasyon nan sèvo, konplikasyon alontèm, ak lanmò. Vaksen kont lawoujòl, malmouton, ak ribeyòl (MMR) la rete fason ki pi efikas pou anpeche enfeksyon, kote de dòz bay yon pwoteksyon anviwon 97%. Vaksen an ede pwoteje tibebe ak moun ki gen sistèm iminitè fèb tou, ki ta ka pa kapab pran vaksen an yo menm.

Depatman Sante Vijini an ak depatman sante lokal li yo ap kontinye travay avèk pwofesyonèl lasante yo, lekòl yo, ak patnè nan kominote a pou idantifye twou ki genyen nan kouvèti vaksen an, pou reyaji vit devan ka lawoujòl yo, epi pou asire fanmi yo gen aksè ak enfòmasyon egzak ansanm ak vaksen yo rekòmande yo.Efò sa yo dwe gen ladan yo konvèsasyon ki gen anpil sans avèk paran yo ak moun k ap bay swen yo, pandan y ap rekonèt gen anpil fanmi jodi a ki pa t janm fè eksperyans lawoujòl pèsonèlman paske jenerasyon anvan yo te tèlman reyisi nan prevansyon li.

VDH ankouraje paran yo ak moun k ap bay swen yo pou yo revize kanè vaksen pitit yo epi pale avèk yon pwofesyonèl swen sante yo fè konfyans konsènan nenpòt kesyon yo genyen oswa vaksen yo te rate. VDH rekòmande pou timoun yo resevwa vaksen yo dapre Kalandriye Vaksinasyon pou Timoun ak Adolesan 2026 Akademi Ameriken Pedyatri a. Vaksen yo toujou fasil pou jwenn toupatou nan Vijini.

Rezidan yo ka verifye nivo pwoteksyon vaksinasyon nan zòn yo a atravè tablodbò vaksen MMR VDH la, epi jwenn plis enfòmasyon sou prevansyon ak vaksinasyon lawoujòl sou paj wèb lawoujòl VDH la oswa lè yo kontakte depatman sante lokal yo a.

Objektif la dwe depase senpleman reyaji devan pwochen epidemi an. Li dwe pou anpeche epidemi ki ka vini alavni epi retabli pwoteksyon jenerasyon Ameriken yo te travay tèlman di pou yo te rive reyalize.