MVA Maryland — MD

MVA Anonse Fèmeti pou Fèt Aksyondegras la

ALÈT FÈMETI POU JOU FERYE: Tout Biwo Sikisal MVA ak Estasyon VEIP yo ap fèmen jedi 26 novanm nan pou Fèt Aksyondegras la.

GLEN BURNIE, MD – Administrasyon Veyikil Motè nan Depatman Transpò Maryland (MVA) te anonse jodi a li pral fèmen tout biwo sikisal yo ak tout estasyon Pwogram Enspeksyon Emisyon Veyikil (VEIP) ki gen sèvis konplè yo jedi 26 novanm 2026 la, nan okazyon Fèt Aksyondegras la.

Biwo sikisal MVA ak estasyon VEIP yo pral reprann operasyon nòmal yo vandredi 27 novanm nan.

Kliyan yo ka pran yon randevou nan yon sikisal MVA oswa fè plis pase 60 tranzaksyon avèk kont Sèvis sou Entènèt myMVA yo – nenpòt kilè, nenpòt kote epi lè sa bon pou yo. Kliyan yo kapab itilize bòs kowòt VEIP lib-sèvis yo tou, ki disponib 24 sou 24 chak jou, pandan tout wikenn fèt la.