(Washington, DC) – Jodi a, Majistra Muriel Bowser te anonse Ajans Jesyon Ijans ak Sekirite Teritwa Distri a (HSEMA), an kolaborasyon avèk Depatman Sèvis Sosyal DC a (DHS), pral aktive yon Alèt Fwa apati 7 pm nan vandredi 13 novanm, jiska 9 am nan samdi 14 novanm. Dapre Sèvis Meteyorolojik Nasyonal la, tanperati ki pi ba a pandan lannwit lan nan Washington, DC prevwa ap 37 degre Farennayt, avèk yon tanperati resanti ki pi ba a 32 degre. Nou ankouraje rezidan yo pou yo rete vijilan epi ede vwazen sanzabri ki bezwen abri lè yo rele Shelter Hotline (Liy Dirèk pou Abri a). Pou mande transpò gratis e aksesib pou tèt ou oswa pou yon lòt moun, rele Shelter Hotline nan (202) 399-7093 oswa lè w konpoze 311. Si w kwè gen yon ijans medikal imedya, rele 911. Alèt Fwa ak Alèt Fwa Ekstrèm Alèt Fwa ak Alèt Fwa Ekstrèm yo deklannche lè Sèvis Meteyorolojik Nasyonal la prevwa move tan ki prezante yon danje pou rezidan yo, sitou moun ki deyò epi ki sanzabri. Yon Alèt Fwa deklannche lè tanperati prevwa a avèk refwadisman van an ant: • 16° ak 32°F, OSWA• 21° rive 40°F si yo prevwa presipitasyon (lanèj, lapli, oswa lagrèl)
Yo deklannche yon Alèt Froidè Ekstrèm lè tanperati yo prevwa a ansanm ak faktè van an desann pi ba pase:
• 15°F, OSWA
• 20°F si yo prevwa presipitasyon (lanèj, lapli, oswa lagrèl)
Yo pataje Alèt Froidè ak Alèt Froidè Ekstrèm yo atravè AlertDC, sistèm notifikasyon piblik pou ijans Distri a. Rezidan yo ka enskri gratis pou resevwa alèt ak mizajou pa imèl ak mesaj tèks sou alert.dc.gov.
Prekosyon Sekirite pou Tan Fwad:
• Rete anndan si w kapab.
• Kouvri kò w epi limite pati nan po w ki ekspoze lè w ap soti deyò.
• Pran nouvèl vwazen w yo epi aprann siy ipotèmi yo, sitou kay timoun piti yo, granmoun aje yo, ak moun ki gen bezwen fonksyonèl ak bezwen aksè ki se moun ki pi vilnerab nan kominote nou an.
• Distri a louvri abri ipotèmi pou asire gen kote ki cho epi ki an sekirite pou nenpòt moun ki san abri. Pou w jwenn yon lis abri ak lòt enfòmasyon sou Sezon Ipotèmi a, vizite cold.dc.gov.
• Pou tout ijans ki konsène bèt, tankou bèt yo kite deyò nan tanperati ekstrèm, rele Brandywine Valley SPCA nan (202) 888-PETS.
Abri San Gwo Egzijans:Abri ki pa gen anpil egzijans sa yo louvri 24 sou 24, 7 jou sou 7 pandan tout ane a (eksepte kote yo mansyone sa):
Fanm
• Harriet Tubman – 1910 Massachusetts Avenue SE
• Pat Handy – 810 5th Street NW
• St. Josephine Bakhita – 6010 Georgia Avenue NW (7 pm pou rive 7 am sèlman)
Gason
• 801 East – 2722 Martin L. King Jr. Avenue SE
• Adams Place – 2210 Adams Place NE
• Emery – 1725 Lincoln Road NE
• New York Avenue – 1355 New York Avenue NE
LGBTQ+
• Living Life Alternatives – 400 50th Street SE
Abri Ipotèmi:
Abri ipotèmi sa yo ap louvri lannwit soti 7 pm pou rive 9 am nan vandredi 13 novanm pou rive samdi 14 novanm.
Fanm
• Eve’s Place – 2210 Adams Place NE
Gason
• 801 East Day Center – 2722 Martin L. King Jr. Avenue SE
• Emery Hypothermia – 1725 Lincoln Road NE
• Federal City 1 North – 425 2nd Street NW
Abri ipotèmi yo fonksyone soti 7 pm pou rive 9 am amwenske yo note yon lòt bagay. Yon fwa yon abri ipotèmi louvri, li rete louvri jiska lafen sezon an. Y ap ajoute lòt abri ipotèmi si sistèm abri Distri a prèt pou plen.Lè gen yon Alèt Froidè Ekstrèm, abri kont ipotèmi yo pwolonje èdtan yo pou yo fonksyone 24 sou 24, 7 jou sou 7, san rete jiskaske Alèt Froidè Ekstrèm nan leve.
Tanpri pran nòt: Ka gen ajisteman nan orè yo ak nan etablisman yo si sikonstans yo mande sa (pa egzanp, pwoblèm nan sèvis piblik, pwoblèm akèz move tan, elatriye).
Fanmi k ap chèche yon abri ijans pandan fen semèn nan ka rele Liy Dirèk Abri a nan (202) 399-7093 oswa 311.
Majistra Bowser sou X: @MayorBowser
Majistra Bowser sou Instagram: @Mayor_Bowser
Majistra Bowser sou Bluesky: @MayorBowser
Majistra Bowser sou Facebook: facebook.com/MayorMurielBowser
Majistra Bowser sou YouTube:
Majistra Bowser sou LinkedIn: linkedin.
