(Washington, DC) – Tan ivè a ka gen plizyè semèn anvan l rive, men Ekip Nèj Distri a pa ret tann premye nèj la tonbe pou l pare. Jodi a, ekipaj Ekip Nèj yo te fini Semèn Mobilizasyon pou Nèj la—yon egzèsis entansif sou senk jou ki fèt pou mete operasyon repons pou nèj Distri a alèprèv anvan sezon fredi a rive.
Pandan tout semèn nan, ekip yo, anba direksyon Depatman Travay Piblik (DPW) ak gwo sipò Depatman Transpò Distri a (DDOT), te enspekte, teste, epi kalibre ekipman pou retire nèj yo, te fè dènye antretyen yo, te ranpli rezèv sèl ak dlo sale yo, epi yo te revize wout pou machin k ap pouse nèj yo. Dèyè rido yo, ekip teknoloji yo te teste sistèm yo itilize pou kontwole kondisyon meteyo yo, deplwaye ekipman yo, epi swiv avansman travay retire nèj la an tan reyèl.
"Semèn Mobilizasyon pou Nèj la se yon etap enpòtan anpil nan preparasyon nou pou sezon ivè a," se sa Direktè Enterimè DPW a, Chris Rodriguez, te di. "Nou te viv yon tanpèt istorik ane pase a ki te montre nou ki kote nou te bezwen amelyore, epi semèn sa a n ap teste teknoloji ak pwosesis nou mete an plas yo pou nou asire nou pare pou nou reponn.Mwen fyè de fanm ak gason ki nan DPW yo ak tout Ekip Nèj DC a pou travay yo bay la, epi nou rete angaje pou nou sipòte rezidan ak biznis nou yo lè move tan an rive.” Aktivite semèn nan te santre sou yon simulasyon tanpèt ivè, ki te kòmanse avèk yon apèl kowòdinasyon Ekip Nèj la kote yo te itilize yon fo previzyon metewolojik Sèvis Meteyo Nasyonal la te bay. Pandan tanpèt ipotetik la t ap evolye, responsab operasyon yo te ajiste plan deplwaman yo, yo te evalye resous yo, epi yo te egzèse pran desizyon enpòtan ki nesesè pandan yon vrè ijans metewolojik. Egzèsis la te fini jodi a avèk yon tès jeneral san nèj nan tout vil la, kote chofè kamyon ki retire nèj yo te vwayaje sou wout yo te ba yo pou idantifye obstak posib, familyarize tèt yo avèk nenpòt nouvo kondisyon sou wout yo, epi teste preparasyon operasyonèl la. Ekip Nèj DC a rasanble plis pase 800 anplwaye ak yon flòt machin lou ak machin lejè pou retire nèj. Efò kowòdone sa a gen ladan l tou Depatman Sèvis Jeneral (DGS), Ajans Jesyon Ijans ak Sekirite Teritwa (HSEMA), Serve DC, ansanm ak lòt ajans Distri a ki bay sipò esansyèl pandan peryòd move tan nan sezon ivè a.DPW te pase plizyè dènye mwa sa yo ap mete teknoloji li a ajou pou amelyore kapasite li pou swiv eta travay retire nèj la an tan reyèl. Sa pral ede gide desizyon operasyonèl ak desizyon deplwayman yo pandan yon sitiyasyon ap evolye. Ajans lan ap kontinye modènize flòt machin li tou pandan l ap fè pwogrè nan objektif dirabilite Distri a. Resous li genyen pou reponn a nèj la gen ladan l 69 kamyon k ap fonksyone ak byodyezèl ansanm ak 22 kamyonèt elektrik sipèvizè yo itilize. Angajman Distri a pou yon flòt ki pi pwòp e ki pi efikas te fè Asosyasyon Nasyonal Administratè Flòt yo (NAFA) rekonèt li dènyèman kòm nevyèm flòt ki pi ekolojik. Flòt gouvènman Distri a, ke DPW achte pou li a, klase tou nan 20 premye yo nan lis 100 Pi Bon Flòt nan Amerik yo pou ane 2026 NAFA a. Rezidan yo Ankouraje pou yo Prepare Depi Koulye a Pandan Ekip Nèj la ap prepare ekipman ak pèsonèl li, otorite Distri yo ankouraje rezidan yo ak biznis yo pou yo pran mezi depi koulye a pou prepare kay yo, pwopriyete yo ak fanmi yo pou move tan ivè a.
- Konnen responsablite w: Pwopriyetè nan Distri a oblije retire nèj ak glas sou twotwa yo, ranp twotwa yo ak pasaj twotwa ki toupre pwopriyete yo nan delè lwa Distri a tabli yo.Rezidan ki gen 65 an oswa plis oswa moun ki gen andikap ki kalifye yo ka aplike pou yon dispans pou retire nèj sou twotwa nan shovelexemption.dpw.dc.gov.
- Ede yon vwazen: Rezidan yo ka sipòte vwazen ki ka bezwen èd pou retire nèj lè yo patisipe nan Ekip Volontè pou Nèj Serve DC a (Volunteer Snow Team).
- Prepare pou ijans: Kenbe pwovizyon esansyèl yo sou lanmen, swiv previzyon metewolojik yo, epi enskri pou resevwa alèt ijans.
- Ede pwoteje rezidan ki vilnerab yo: Pandan move tan ivè a, rele Liy Dirèk Abri Distri a nan 202-399-7093 pou mande transpò gratis pou ale nan yon abri pou nenpòt moun ki nan bezwen, san bliye moun ki san abri yo. Rezidan yo ka aprann plis sou pwogram repons pou nèj Distri a, jwenn resous preparasyon pou move tan ivè epi swiv pwogrè kamyon k ap retire nèj yo pandan tanpèt yo lè yo vizite snow.dc.gov.
Majistra Bowser X: @MayorBowser Majistra Bowser Instagram: @Mayor_Bowser Majistra Bowser Bluesky: @MayorBowser Majistra Bowser Facebook: facebook.com/MayorMurielBowser Majistra Bowser YouTube: https://www.bit.ly/eomvideos Majistra Bowser LinkedIn: linkedin.com/in/mayorbowser
