Jessica Fitzwater GOUVÈNMAN KONTE FREDERICK Egzekitif Konte a
BIWO EGZEKITIF KONTE A
Kominike pou Laprès
POU PIBLIKASYON IMEDYAT: 5 OKTÒB 2026
Konte Frederick Ap Selebre Semèn Prevansyon Dife soti 4 rive 10 Oktòb
“Pran Chaj nan Sekirite Kont Dife™ (Charge Into Fire Safety™). Chaje Aparèy yo an Sekirite Se Yon Sipèpouvwa”
FREDERICK, Md. – Semèn Prevansyon Dife a se soti 4 rive 10 oktòb epi tèm nasyonal ane sa a konsantre sou sekirite batri rechajab yo. Divizyon Sèvis Ponpye ak Sekou Konte Frederick (DFRS) ankouraje tout moun pou yo aprann kijan pou yo achte, chaje, itilize, epi resikle batri ityòm-ion yo an sekirite.
“Pifò nan nou itilize aparèy ki mache ak batri rechajab chak jou, epi li fasil pou nou neglije yo,” se sa Chèf Ponpye Tom Coe te deklare. “Semèn Prevansyon Dife a se yon bèl rapèl pou nou pran prekosyon epi asire nou ke n ap itilize aparèy sa yo an sekirite. Kèk ti jès senp lakay nou ka ede redui risk pou yon batri pran dife epi kenbe fanmi nou, kay nou, ak kominote nou an pi an sekirite.”
Batri rechajab yo bay anpil nan aparèy moun itilize chak jou yo kouran, tankou telefòn entèlijan, òdinatè pòtab, zouti elektrik, bisiklèt elektrik, ak jwèt. Malgre batri sa yo trè pratik, yo dwe itilize epi jete yo kòrèkteman.Yon batri ityòm-iyon ki domaje, ki defektueu, ki twò chofe oswa ki pa chaje kòrèkteman ka vin enstab, li ka pwodui twòp chalè, epi, nan kèk ka, li ka limen yon dife.
Depi 2024, DFRS reponn plis pase 30 apèl ki gen rapò ak batri ityòm-iyon. Risk la pa fini lè ou pa bezwen yon batri ankò. Batri yo jete nan fatra kay la oswa nan resiklaj ka kraze oswa domaje pandan y ap ranmase ak trete yo, sa ki ka lakòz dife nan kamyon fatra, nan sant transfè, ak nan lòt pati nan sistèm jesyon fatra a.
Frederick County: Istwa Rich, Yon Avni Klere Winchester Hall ● 12 East Church Street, Frederick, MD 21701 ● 301-600-1100 ● Faks 301-600-1050 www.FrederickCountyMD.gov
Semèn Prevansyon Dife 5 Oktòb 2026 Paj 2
Ou ka ede diminye risk sa yo lè w rekonèt siy yon batri ki domaje, lè w suiv enstriksyon pou chaje fabrikan an bay yo, epi lè w sèvi ak pwogram resiklaj oswa koleksyon batri ki apwopriye yo.
Itilizasyon batri an sekirite kòmanse ak fason epi kote ou chaje aparèy yo. Suiv konsèy sa yo pou ede diminye risk surchof ak dife:
-
Sèvi ak bon chargeur a. Sèvi ak kòdon ak chargeur ki te vini ak aparèy ou an oswa youn fabrikan an apwouve.Move chajè a ka domaje batri a epi ogmante risk pou dife pran.
-
Chaje sou yon sifas ki di epi ki plat. Chaje aparèy yo sou yon tab, yon biwo oswa yon lòt sifas ki di. Pa chaje yo sou yon kabann, yon kanape oswa anba yon zòrye. Aparèy yo ak chajè yo bay chalè pandan y ap chaje nòmalman, epi sifas ki mou yo ka kenbe chalè a epi bloke lè a pou l pa sikile.
-
Fè atansyon ak siy avètisman yo. Sispann sèvi ak yon aparèy si li vin cho nòmalman, si l gonfle, si l ap fè lafimen oswa si l bay yon odè ki pa nòmal. Sa yo kapab siy ki montre batri a domaje oswa li gen pwoblèm.
-
Deploge lè l fin chaje nèt. Pa kite aparèy yo ploge pi lontan pase sa nesesè. Lè w kite yon batri ap chaje twòp tan, sa ka fè l vin pi cho epi fatigue li.
-
Chaje pi gwo batri yo an sekirite. Chaje bisiklèt elektrik, koutwouj (scooter) ak lòt aparèy ki gen pi gwo batri deyò epi lwen kote moun ap pase pou soti. Batri sa yo stoke plis enèji, epi yon pwoblèm ka lakòz yon dife k ap grandi byen vit epi ki ka gaye rapidman.
-
Swiv règleman sekirite konpayi avyon yo. Lè w ap vwayaje nan avyon, kenbe aparèy yo kote w ka wè yo pandan y ap chaje, epi pa chaje aparèy yo nan bwat ki anlè tèt yo. Sigarèt elektrik ak vapòtèz pa dwe chaje nan yon avyon. Evènman ak Resous pou Semèn Prevansyon DifeDFRS ap ofri aktivite ak resous pandan tout mwa oktòb la pou ede kominote a anpeche dife epi prepare pou ijans yo.
-
Ranmasaj batri bò lari gratis, sou randevou: DFRS ap fè patenarya ak Divizyon Fatra Solid ak Resiklaj pou ofri yon sèvis ranmasaj bò lari gratis, sou randevou, pou batri ityòm-yon ak ti aparèy elektwonik, tankou telefòn selilè, òdinatè pòtatif ak tablèt. Pou w enskri, ale sou www.FrederickCountyMD.gov/BeALionTamer.
-
Pwogram Sekirite Kont Dife NFPA ak Domino’s: Jedi 8 oktòb, soti 4:30 rive 7:30 nan apremidi, DFRS pral patisipe nan Pwogram Sekirite Kont Dife NFPA ak Domino’s an patenarya ak Domino’s ki nan Urbana a, Magazen Nimewo 4684, ki nan 3254B Bennett
Semèn Prevansyon Dife 5 Oktòb 2026 Paj 3
Creek Ave., Frederick, Md. 21704. Kliyan ki rele pou kòmande yon pizza pandan tan sa a ka vin chwazi pa aza pou ponpye nan zòn nan vin livre pizza yo a, epi ponpye yo pral teste alam lafimen ki nan kay la tou. Si alam la ap mache, pizza a ap gratis. Si yo bezwen yon nouvo alam, ponpye yo ap ba yo youn. Pou w kòmande, rele nan 240-341-
4692.- Jounen Pòt Louvri Ponpye ak Sekou Konte Frederick la: Nou envite w vin patisipe nan Jounen Pòt Louvri Ponpye ak Sekou a samdi 10 oktòb, soti 11 a.m. rive 3 p.m. nan FSK Mall, 5500 Buckeystown Pike, Frederick, Md. 21703. Evènman an ap gen demonstrasyon an dirèk, edikasyon sou sekirite kont dife ak pwoteksyon lavi, aktivite pou tout fanmi an, kamyonèt ki vann manje, ekspozisyon ekipman ak lòt bagay ankò. Pou aprann plis sou Semèn Prevansyon Dife ak fason ou ka patisipe, vizite www.FrederickCountyMD.gov/FPW.
KONTAK: Sarah Campbell Responsab Kominikasyon, MPIO Sèvis Ponpye ak Sekou Konte Frederick 301-600-1716
Konte Frederick, Maryland pa fè diskriminasyon sou baz ras, koulè po, relijyon, peyi orijin, sèks, laj, eta sivil, andikap, sitiyasyon fanmi, idantite seksyèl, oryantasyon seksyèl, oswa sous revni.