Kote Ou Gen Plas Ou: Yon Nouvo Chapit pou Rekreyasyon nan Alexandria Kote Ou Gen Plas Ou: Yon Nouvo Chapit pou Rekreyasyon nan Alexandria Depatman Rekreyasyon, Pak, ak Aktivite Kiltirèl (RPCA) Vil Alexandria kontan anpil pou prezante “Kote Ou Gen Plas Ou,” yon kanpay nan tout vil la k ap selebre kominote a, koneksyon, ak lavni rekreyasyon nan Alexandria. Kanpay la ap lanse ofisyèlman 18 septanm, kote Sant Rekreyasyon William Ramsay ap vin premye etablisman ki pral mete nouvo kanpay la an valè atravè “Sant Rekreyasyon William Ramsay, Zanmi ki Sòti Toupatou.” Sant lan, ki sitiye nan pati lwès Alexandria, pral ofri rezidan yo yon premye koutje sou sa k ap vini pou eksperyans rekreyasyon Alexandria a. Plis pase yon bèl nouvo aparans, “Kote Ou Gen Plas Ou” make kòmansman yon pi gwo envestisman nan rekreyasyon atravè vil la, tankou espas ki akeyan epi enklizif, amelyorasyon nan etablisman yo, pwogramasyon inovatè, ak nouvo opòtinite pou sipòte lasante ak byennèt rezidan yo. Vini Selebre “Kote Ou Gen Plas Ou!” Vin jwenn RPCA pou yon sware amizan an fanmi nan Sant Rekreyasyon William Ramsay epi vin wè nouvo aparans ak anbyans kanpay la poukont pa w. Vandredi 18 septanm | 6:00 - 8:30 p.m.| Sant Rekreyasyon William Ramsay (5650 Sanger Ave.) Vini ak fanmi w, zanmi w, ak vwazen w yo pou yon sware plen aktivite, amizman, manje, ak plezi. Selebrasyon an pral genyen karaoke, kònwòl (cornhole), bengo, kado y ap distribye, prim, yon DJ an dirèk, ak plis ankò. Envite yo ka dekouvri tou yon nouvo penti miral atizay piblik atis Tammy Barnes ki baze Washington, D.C. a fè, epi aprann plis sou zèv la ak koneksyon li genyen ak kominote William Ramsay a. Pou aprann plis sou travay Tammy a, vizite tbarnescreates.com. Sant Rekreyasyon William Ramsay a se premye etap nan vwayaj “Where You Belong” (Kote w Fè Pati) a, k ap bay rezidan yo yon apèsi sou lavni rekreyasyon nan Alexandria. #ReteBranche pou konnen pwochen sant rekreyasyon y ap prezante a lè w suiv RPCA sou rezo sosyal yo. Dekouvri plis enfòmasyon sou kanpay la nan alexandriava.gov/rpca/where-you-belong. Si w gen kesyon sou “Where You Belong”, kontakte Direktè Hashim T. Taylor nan Depatman Rekreyasyon, Park, ak Aktivite Kiltirèl nan hashim.taylor@alexandriava.gov. Pou kesyon medya oswa relasyon piblik, kontakte Direktè Kominikasyon Vil Alexandria a, Ebony Flemming, nan ebony.flemming@alexandriava.gov.Pou akomodasyon rezonab pou andikap, kontakte jackie.person@alexandriava.gov oswa rele nan 703.746.5550, Virginia Relay 711. Si w prefere kominike nan yon lòt lang, sèvis entèpretasyon ak tradiksyon gratis disponib. Tanpri voye yon imèl nan LanguageAccess@alexandriava.gov oswa rele nan 703.746.3960.