Jessica Fitzwater GOUVÈNMAN KONTE FREDERICK Egzekitif Konte a
BWO EGZEKITIF KONTE A
Kominike pou Laprès
POU PIBLIYE IMEDYATMAN: 31 DAOUT 2026
Piblik la Envite pou Patisipe nan Sondaj sou Priyorite Lejislatif Eta a pou 2027 Sondaj la Ap Rete Louvri Jiska 1ye Oktòb
FREDERICK, Md. – Manm kominote a envite pou patisipe nan Sondaj sou Priyorite Lejislatif Eta a pou 2027. Sondaj sou entènèt sa a se yon opòtinite pou ede fòme dosye lejislatif Egzekitif Konte a pou pwochen sesyon Asanble Jeneral Maryland lan.
Sondaj la disponib nan www.FrederickCountyMD.gov/2027LegislativeSurvey epi l ap rete louvri jiska 1ye oktòb.
Sondaj la vize rasanble kòmantè ki pral enfliyanse dirèkteman Dosye Lejislatif Eta a pou 2027 ansanm ak efò pledwaye yo pandan tout sesyon lejislatif la. Kòmantè w yo asire priyorite Konte a reflete bezwen ak pèspektiv kominote nou an.
Y ap fè yon rezime sou repons sondaj la epi y ap pataje yo nan reyinyon Piblik Lejislatif (Town Hall) 7 oktòb la.
Nou ankouraje tout rezidan, biznis, òganizasyon san bi likratif, ak òganizasyon kominotè yo pou yo ranpli sondaj la.Ou ka voye kesyon yo bay Sarah Price nan SPrice1@FrederickCountyMD.gov.
KONTAK: Hope Morris Manadjè Kominikasyon Biwo Kominikasyon ak Angajman Piblik 301-600-2590
Konte Frederick, Maryland pa fè diskriminasyon sou baz ras, koulè po, relijyon, peyi orijin, sèks, laj, eta sivil, andikap, sitiyasyon familyal, idantite seksyèl, oryantasyon seksyèl, oswa sous revni.
Konte Frederick: Yon Istwa Rich, Yon Avni Briyan Winchester Hall ● 12 East Church Street, Frederick, MD 21701 ● 301-600-1100 ● Faks 301-600-1050 www.FrederickCountyMD.gov
