Jessica Fitzwater GOUVÈNMAN KONTE FREDERICK Egzekitif Konte a
BIWO EGZEKITIF KONTE A
Kominike pou Laprès
POU PIBLIKASYON IMEDYAT: 27 OUT 2026
Yo Envite Piblik la Vin Patisipe nan Jounen Pòt Louvri Enfòmasyon sou Sant Done yo
FREDERICK, Md. – Egzekitif Konte a, Jessica Fitzwater, ap raple rezidan yo gen de jounen pòt louvri k ap vini k ap ofri opòtinite pou yo aprann kijan Konte a kontwole devlopman sant done yo. Sesyon sa yo fèt yon fason pou moun ka rankontre dirèkteman ak responsab yo pou poze kesyon epi aprann sou etap Konte a franchi an repons a opinyon kominote a.
Jounen pòt louvri yo ap fèt:
- Mèkredi 2 septanm, soti 6è pou rive 8è nan aswè nan Claggett Center, 3035 Buckeystown Pike, Adamstown, MD 21710
- Mèkredi 9 septanm, soti 6è pou rive 8è nan aswè nan sal resepsyon Urbana Volunteer Fire Department, 3602 Urbana Pike, Frederick, MD 21704 Divès ajans Konte a ap gen yon tab enfòmasyon kote moun ka aprann kijan travay ajans lan gen rapò ak sipèvizyon sant done yo. Anplwaye ki soti nan Depatman Anviwònman Maryland lan ap la nan reyinyon 2 septanm nan. Ap gen yon entèprèt Lang Siy Ameriken ki disponib nan toude reyinyon yo.Patisipan yo ap kapab deplase nan sal la nan pwòp ritm pa yo, pale ak manm pèsonèl yo, epi egzamine dokiman yo.
Jounen pòt louvri sa yo fè pati angajman Konte a anvè transparans apre gwo enterè ak enkyetid kominote a te manifeste. Objektif prensipal la se eksplike kijan lwa ak règleman ki egziste deja yo aplike, kiyès ki responsab pou fè respekte yo, epi kisa Konte a ap fè pou l jere devlopman posib sant done yo yon fason responsab.
Konte Frederick ap kontinye travay li pou asire tout desizyon ki gen rapò ak sant done yo bay sekirite piblik, pwoteksyon anviwònman, konfòmite ak lalwa, ansanm ak transparans priyorite. Kounye a, sant done yo se endistri ki pi reglemante nan Konte Frederick. Pou aprann plis, vizite www.FrederickCountyMD.gov/DataCenters.
KONTAK: Hope Morris Responsab Kominikasyon Biwo Kominikasyon ak Angajman Piblik 301-600-2590
Konte Frederick, Maryland pa fè diskriminasyon sou baz ras, koulè po, relijyon, orijin nasyonal, sèks, laj, eta sivil, andikap, sitiyasyon familyal, idantite seksyèl, oryantasyon seksyèl, oswa sous revni.Konte Frederick: Istwa Rich, Bèl Lavni Winchester Hall ● 12 East Church Street, Frederick, MD 21701 ● 301-600-1100 ● Faks 301-600-1050 www.FrederickCountyMD.gov
