Otorite Lasante yo Ap Envestige Ka Ekspozisyon yo
Yo Mande Rezidan yo Pou Yo Pran Anpil Prekosyon
Gen yon alèt ki deklanche nan zòn Nò Vijini an apre kèk ka ekspozisyon a lawoujòl fin parèt.
Yo mande rezidan yo pou yo pran prekosyon paske yo rapòte moun ki enfekte a, ki ap viv nan yon lòt eta, te vizite plizyè kote nan zòn Reston, Vijini.
Nan dat 28 mwa pase a, Depatman Sante Vijini an te fè konnen yon moun ki te enfekte ak lawoujòl e ki te ka transmèt li te ale nan kat (4) komès nan zòn Reston an nan dat 16 la, epi yo te ensiste pou moun ki te vizite kote sa yo tcheke byen si yo pa gen sentòm lawoujòl.
Depatman Sante a te deklare pandan jounen 16 la, moun ki enfekte a te vizite otèl Sheraton Reston Hotel (11810 Sunrise Valley Drive) dabò, epi apre sa MOTW Coffee & Pastries (11830 Sunrise Valley Drive, Suite 200), 7-Eleven (11854 Sunrise Valley Drive), ak Barber & Men's Spa (11830 Sunrise Valley Drive, Unit 900).
Nenpòt moun ki te vizite kote sa yo dwe ranpli sondaj sou posiblite ekspozisyon a lawoujòl pou Konte Fairfax la.
Depatman Sante Vijini an te fè konnen risk pou piblik la an jeneral ba paske pifò rezidan yo pwoteje kont lawoujòl grasa vaksen, epi moun ki te pran de (2) dòz vaksen kont lawoujòl oswa ki te fèt anvan 1957 konsidere kòm moun ki vaksinen kont lawoujòl e yo pa bezwen tretman apre ekspozisyon pou kounye a.
