Gouvènè Moore Fè Lwanj pou Desizyon Komisyon Sèvis Piblik la ki Pwoteje Kliyan yo Kont Ogmantasyon Enjis nan Pri Elektrisite a ANNAPOLIS, MD – Gouvènè Moore bat bravo jodi a pou desizyon Komisyon Sèvis Piblik Maryland lan pran pou entèdi Pepco ogmante tarif yo sou do rezidan k ap travay di yo pou peye pou depans enfrastrikti ki pa t fèt avèk pridans. Desizyon jodi a sipòte aksyon istorik administrasyon Moore-Miller la pou pwoteje moun Maryland yo kont ogmantasyon enjis e san rezon nan pri kouran an. "Senpleman, konpayi sèvis piblik yo pa ta dwe fè pwofi ki pa rezonab pandan sitwayen òdinè nan Maryland pa kapab peye bòdwo kouran yo," te deklare Gouvènè Moore. "Nou remèsye Komisyon Sèvis Piblik Maryland lan pou jijman yo a. Nouvèl sa a se yon gwo viktwa nan batay administrasyon nou an ap mennen pou fè gwo kòporasyon yo rann kont epi pwoteje fanmi k ap travay di yo ansanm ak ti biznis yo kont depans twòp e pa efikas konpayi sèvis piblik yo fè." Pami lòt aksyon, Komisyon an te refize – oswa "rejte" – demann Pepco te fè pou fè kliyan yo peye pou yon envestisman plizyè milyon dola li te fè nan yon sou-estasyon nan dosye tarif sa a.Desizyon sa a reflete yon atant ki la depi lontan kote konpayi sèvis piblik yo dwe analize solisyon ki koute mwens chè pou satisfè demann kouran an—tankou opsyon tankou depo enèji, santral elektrik vityèl, ak solisyon ki pa mande fil—anvan yo kouri al fè gwo ekspansyon enfrastrikti ki koute chè tankou White Flint. To rentabilite ki pi ba yo apwouve a vle di moun k ap viv nan Maryland pral peye mwens pou depans Pepco yo ke Komisyon an te apwouve.

« Desizyon Komisyon an pran jodi a mete konpayi sèvis piblik yo devan responsablite yo. Jan ekip nou an te fè sa klè pandan tout dosye tarif sa a, konpayi sèvis piblik yo dwe fè devwa yo pou pwouve envestisman yo jistifye epi pou moun k ap peye bòdwo yo pa peye pou enfrastrikti ki koute chè epi ki pa nesesè, » deklarasyon sa a se Kelly Speakes-Backman, Direktè Administrasyon Enèji Maryland (Maryland Energy Administration). « Rejte pwojè White Flint la voye yon mesaj bay konpayi sèvis piblik yo pou fè yo konnen depans ki pa rezonab pap tolere. »

Mete kontwòl sou depans konpayi sèvis piblik yo se yon zouti pou ankouraje pri enèji ki abòdab nan Maryland. Administrasyon Moore-Miller a te siyen an Me Lwa RELIEF pou Sèvis Piblik (Utility RELIEF Act), ki mobilize prèske $300 milyon pou soulaje fanmi nan Maryland sou zafè enèji, ki atake $20 milyon pa ane nan surcharge sèvis piblik ki pa jistifye, epi ki remete lajan dirèkteman nan pòch moun k ap peye bòdwo yo.Apre defans soutni Gouvènè Moore ak yon kowalisyon 13 gouvènè, ekstansyon plafon pri sou mache kapasite PJM nan te fè kontribyab yo nan tout eta PJM yo ekonomize 13,3 milya dola nan vantozanchè kapasite mwa jiyè a sèlman. Epi dekrè egzekitif administrasyon an pou mwa desanm 2025 lan, ki egzije konpayi sèvis piblik yo pou yo konsidere solisyon san fil ak teknoloji transmisyon avanse, ankouraje devlopman yon rezo ki modènize, ki pi abòdab epi ki pi fyab.