Asistans Lajan Kach Tanporè (TCA) Pwogram Asistans Lajan Kach Tanporè (TCA) a bay benefis, asistans lajan kach ak resous anplwa pou moun ki gen ti revni. Pwogram Asistans Lajan Kach Tanporè a se pou fanmi ki gen timoun.
Kote(yo):
- Mid-County DHHS Building, 1301 Piccard Drive, Rockville, MD 20850
- DHHS Silver Spring Center, 8818 Georgia Avenue, Silver Spring, MD 20910
- Up-County Regional Services Center, 12900 Middlebrook Road, Germantown, MD 20874 Kijan pou Aplike Pwosesis oryantasyon pou Asistans Lajan Kach Tanporè (TCA) a kounye a disponib sou entènèt. Ou ka gade videyo Oryantasyon DHHS la epi telechaje . Anvan ou resevwa benefis TCA:
- Ou dwe aplike pou Pansyon Alimantè pou Timoun nan 30 jou kalandriye apati dat aplikasyon ou an.
- Si ou pa kolabore ak pwogram Pansyon Alimantè pou Timoun nan, sa ap lakòz yo refize aplikasyon TCA ou a.
- Ou oblije kontinye kolabore ak pwogram Pansyon Alimantè pou Timoun nan toutotan ou resevwa benefis TCA. Si ou pa kontinye kolabore, sa ap lakòz yon rediksyon nan montan benefis TCA ou a.
- Ou dwe kolabore tou avèk pwogram Depistaj Abi Sibstans lan nan lespas 30 jou kalandriye apati dat aplikasyon ou an.
- Si ou pa kolabore avèk pwogram Abi Sibstans lan