Lisans pou Evènman Manje Espesyal Definisyon Yon Evènman Manje Espesyal se yon evènman tanporè ki fèt nan yon kote fiks, ki pa dire plis pase 30 jou konsekitif, kote yo itilize yon estrikti mobil, pèmanan, oswa tanporè pou prepare, sèvi, oswa vann manje oswa bwason. Egzijans Fòk ou jwenn yon lisans anvan ou kòmanse. Fòk ou soumèt aplikasyon an omwen twa jou ouvrab anvan dat kòmansman evènman an. Y ap fè w peye yon frè adisyonèl pou aplikasyon ki depoze mwens pase twa jou ouvrab anvan evènman an. Nenpòt moun ki gen plan pou vann oswa bay manje nan yon evènman tanporè dwe premye jwenn yon Lisans pou Etablisman Sèvis Manje Konte Montgomery. Sèl eksepsyon nan lalwa a se vant pwodui fre oswa kristase vivan. Gade orè frè lisans lan. Pwosesis Aplikasyon Prepare Rasanble dokiman ou pral bezwen pou aplikasyon w lan:

  • Dyagram anviwònman an

  • Yon kopi Lèt 501(c)(3), (4), (7), oswa (10) ki soti nan IRS (Pou Òganizasyon ki pa pou Pwofi)

  • Yon kopi pèmi Pwi ak Fòs Septik - si sa aplikab. Aprann plis sou Pèmi Pwi ak Fòs Septik. Aplike Ranpli aplikasyon w lan nan youn nan fason sa yo:

  • Aplike epi peye sou entènèt atravè CivicGov. Aprann plis bagay sou kijan pou itilize CivicGov.

  • Telechaje . Si aplikasyon w lan