Kouvèti Medicaid ak CHIP

  • Nan tout eta, Medicaid bay kouvèti pou moun ki gen ti revni, tankou fanmi ak timoun, fanm ansent, granmoun aje, ak moun ki gen andikap.
  • Gen kèk eta ki elaji pwogram Medicaid yo pou kouvri adilt ki anba yon sèten nivo revni. Aprann plis sou elajisman Medicaid ak sa sa vle di pou ou.
  • Pwogram Medicaid dwe swiv direktiv federal yo, men nivo revni ki kalifye, kouvèti, ak depans yo ka diferan de yon eta a yon lòt.
  • Gen kèk pwogram Medicaid ki peye dirèkteman pou swen ou. Gen lòt ki itilize konpayi asirans prive pou bay kouvèti Medicaid.
  • Medicaid ka ede w peye pou swen medikal nan 3 dènye mwa yo, menm si ou pa t enskri nan Medicaid nan moman ou te resevwa swen medikal la. Peman depann de revni fanmi w nan moman sa a.
  • Benefis Medicaid diferan nan chak eta, men tout eta bay kouvèti konplè. Jwenn yon lis sèvis Medicaid ofri nan tout eta.
  • Nan sèten eta, CHIP bay kouvèti sante a pri ki ba pou timoun ak fanm ansent nan fanmi ki touche twòp lajan pou kalifye pou Medicaid. Aprann plis sou sa CHIP kouvri.
  • Chak eta travay kole kole ak pwogram Medicaid eta li a