Aplike pou Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè (SNAP) Gen plizyè fason pou depoze yon aplikasyon pou benefis Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè (SNAP). Ou ka depoze yon aplikasyon sou entènèt nan MarylandBenefits. Anplis de sa, depatman sèvis sosyal lokal yo ap ba ou oswa voye yon aplikasyon SNAP pa lapòs menm jou ou mande youn. Ou ka mande l an pèsòn, sou telefòn, pa lapòs, oswa yon lòt moun ka jwenn youn pou ou. Ou gen opsyon tou pou telechaje yon aplikasyon SNAP. Biwo a ap aksepte yon fòm aplikasyon siyen menm jou ou remèt li menm si yo pa ka fè entèvyou avèk ou jou sa a. Ranpli non ou, adrès ou, nimewo telefòn ou, ak otan lòt enfòmasyon ou kapab sou fòm nan, epi siyen li. Bay oswa voye fòm nan bay biwo a pi vit posib. Yon manadjè ka ede w ranpli rès fòm nan pandan entèvyou ou. OU DWE REPONN TOUT KESYON YO NÈT E ONÈT. SI OU PA FÈ SA, YO KA RETIRE OU NAN PWOGRAM NAN, AMANDE OU, METE OU NAN PRIZON, OSWA TOUT TWA. Si ou kalifye pou SNAP, ou ta dwe kapab jwenn aksè a benefis ou yo pa pita pase 30 jou apati dat biwo a te resevwa aplikasyon ou an. Benefis SNAP yo bay